![]() |
| Defile DJ sou Channmas. Foto: Philippe St Louis |
Mwen sot koute yon mereng yon jan Rap ak yon rara k ap bouyi anba l kote nèg la ap plede di "M anvi Gwòs Yon Fanm". Boule m, malandren an lage betiz san gad dèyè. Se lave misye lave medam yo. Misye avili fanm ak degi.
Bon, m pa fin byen sonje pawòl yo men bagay gwòs la anpil ladan l.
Bon, yo pa gen manman? Ti sè? Pitit fi? Gad on doulè mezanmi! M wont pou djaz zoukoutap sya. M anvi kriye men mwen te ri pito. Yon ri sekwe tèt. Mwen gen yon pitit fi...Hélas.
Pou kesyon prensip - paske mwen se yon atis k ap kreye tou - mwen kont "censure" zèv nenpòt atis kèlkilanswa sijè li abòde ladan l amwenske l ap mande moun rale zam, katchapika pou touye lòt oswa rayi, touye lòt akòz koulè po yo, kantite lajan yo genyen, relijyon, pou lide oswa pozisyon politik yo elatriye.
Men, sosyete a dwe mete kanpe yon sistèm ki dwe bougonnen depi anndan lekòl pou lè yon endividi sèvèl fisire konsa chante yon ranstay ranyon pisannit nan figi moun pou melomàn yo tchuipe l, monte vit sou li jouk li tèlman wont pou l pa janm chante retay mizik syo nan figi moun.
Leta ak bon jan grenn ayisyen natif natal ki gen mwayen (Mécène, Philanthrope) dwe mete kanpe yon sistèm pou rekonpanse atis k ap pwodui zèv ki ka itil kolektivite a nan bwa figi ransè yo.
Malerezman, esponsò ki gen gwo bras nan men yo pa pete ba atis syo santi sou pretèks yo pa popilè oswa mas pèp la se mizik zagribay li vle pou l gouye sou channmas.
Pafwa, mwen eseye konprann esponsò yo paske se manje tou pare yo bezwen pou yo ka rantre kòb. Men, tankou m wè sa a nan lòt peyi, yon esponsò ka kreye yon demann ak yon atis k ap bay mesaj pozitif. Bref.
Lè w gen ti moun ak jennn moun k ap grandi nan yon peyi ki deja chaje ak pwoblèm estriktirèl, epi tout lasent jounen se mizik kraze marinad dòmi, san nanm, pawòl zago tòtòy k ap denigre fanm, y ap tande epi se yo radyo ap jwe, se nòmal pou nou kote n ye la a ak yon bann avadra sèvèl pou l, ki paka pwodui annkenn refleksyon itil pou kominote a. Se fè zen, di betiz sou Rezo sosyo pou yo popilè...epi yo fwenk popilè vre.
Sila ki chwazi ale nan sans pou ride pèp la wè klè epi mennen l nan chimen ki dwat la, yo kole nan do yo etikèt "entèlektyèl rabi"; "egri"; "hater"; "foli konesè"...Sa dekouraje yo, pati kite peyi a lage l nan men madigra mal maske k ap fè nou monte lesyèl pa do.
djecee
Suiv mwen sou Twitter: @djecee

No comments:
Post a Comment